Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kantik 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Gadyen ki fè tou vil la te twouve m. Mwen te mande l: “Èske ou konn wè sila ke nanm mwen renmen an?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Gad k'ap fè patouy nan vil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè mesye mwen pou mwen, Mesye mwen renmen an wi?

参见章节 复制




Kantik 3:3
10 交叉引用  

Pale mwen, ou menm nan ke nanm mwen tèlman renmen; ki kote ou fè patiraj twoupo ou a? Ki kote ou konn fè l kouche a midi? Paske poukisa mwen ta tankou yon moun ki vwale figi li nan kote twoupo zanmi ou yo?


Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen. Yo te bat mwen. Yo te blese mwen. Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.


Gadyen Li yo avèg. Tout nan yo san konprann. Se chen bèbè ki pa ka jape; moun k ap kouche fè rèv, ki renmen somèy.


Sou miray ou yo, O Jérusalem, Mwen te plase gadyen yo. Tout lajounen ak tout lannwit, yo p ap janm rete an silans. Nou menm ki raple SENYÈ a, pa pran repo pou tèt nou;


“Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen.


Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”


Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.


跟着我们:

广告


广告