Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kantik 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Koute! Men cheri mwen an! Men l ap vini! L ap monte sou mòn yo, epi vòltije sou kolin yo!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l'ap vini. Li sòti sou mòn yo, l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.

参见章节 复制




Kantik 2:8
19 交叉引用  

Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.


Jiskaske joune a vin fè fre lè lonbraj yo kouri ale; vire, cheri mwen an, fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.


Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid! Fè jaden mwen respire ak souf bon odè; kite epis li yo vante gaye toupatou. Ke cheri mwen an vin nan jaden li an pou manje tout fwi chwa li yo.


Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye. Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la: “Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an, toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze, très cheve mwen ak imidite nwit lan.


Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.


Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.


A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la, ki anonse lapè, ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, ki anonse Sali, ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”


Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.


“Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske se menm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.


“Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen.


“Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.


li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.


Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.


“Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.


跟着我们:

广告


广告