6 Kite men goch li rete anba tèt mwen ak men dwat li pou l anbrase m.
6 Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m ak men dwat li!
Mete valè li wo e li va fè ou leve; li va bay ou onè si ou anbrase l.
M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou leve ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”
SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
“Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.