Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.
Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan, mwen va kenbe tij fwi li yo.” O ke tete ou yo kapab tankou grap ki pann sou chan rezen nan e bon odè a souf ou tankou pòm,
Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”