Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kantik 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Cheri mwen an te reponn mwen e te di m: “Leve vini cheri mwen an, pi bèl mwen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Mennaj mwen pale avè m, li di m: Vini non, anmourèz mwen! Ann al avè m non, bèl nègès mwen!

参见章节 复制




Kantik 2:10
18 交叉引用  

Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,


Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.


“Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl! Zye ou tankou toutrèl yo.”


Pou mwen, cheri mwen an, ou tankou pi bèl poulich pami sa kap rale cha Farawon an.


Paske gade, sezon fredi a fin pase, lapli fin pati nèt.


Fwi pye fig etranje a fin mi, e chan rezen yo bay odè pafen. Leve vini, annou pati!”


Koute! Men cheri mwen an! Men l ap vini! L ap monte sou mòn yo, epi vòltije sou kolin yo!


Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye. Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la: “Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an, toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze, très cheve mwen ak imidite nwit lan.


SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di: “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini. Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.


Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li.


Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.


Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.


跟着我们:

广告


广告