Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kantik 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; solèy la brile m konsa. Fis a manman m yo te byen fache avè m; Yo te fè m gadyen chan rezen yo. Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Pa gade sou koulè po m! Se solèy la ki boule m konsa. Frè m yo te move sou mwen. Yo fè m travay nan jaden rezen lòt moun. M pat gentan pou m okipe jaden rezen pa m.

参见章节 复制




Kantik 1:6
15 交叉引用  

Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.


Mwen vin izole de frè m yo, tankou yon etranje de fis a manman m yo.


Paske menm frè ou yo ak lakay papa ou a; menm yo menm, te fè trèt avèk ou! Menm yo menm, te rele dèyè ou. Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.


Akoz fi a pèp mwen an brize, mwen menm brize tou; mwen fè dèy konsi pou yon mò. Mwen kraze ba nèt.


Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon. Yo pa menm rekonèt yo nan lari. Chè yo vin kole sou zo yo. Li fennen nèt. Li vin tankou bwa.


Paske fis la derespekte papa a, e fi a leve kont manman li, bèlfi a kont bèlmè li; lènmi a yon nonm se anndan lakay li.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!


Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a.


跟着我们:

广告


广告