Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo; annou gade pou wè si chan rezen an gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri. Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
Donk, li te leve, e te ale kote papa l. “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri anbrase l e te bo li.