Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 9:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati dèyè yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewòt ak Keryat-Jearim.

参见章节 复制




Jozye 9:17
24 交叉引用  

Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin.


Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la;


Men fis a Caleb yo: Fis a Hur yo, premye ne a Éphrata a e papa a Kirjath-Jearim;


Fis a Shobal yo, papa a Kirjath-Jearim te Haroé, Hatsi-Hammenuhoth.


Fanmi a Kirjath-Jerim yo se te: Jetriyen yo, Pityen yo, Choumatyen yo ak Mischrayen yo; depi nan fanmi sila yo, te sòti Soreatyen yo avèk Eschtaolyen yo.


Paske tabènak SENYÈ a, ke Moïse te fè nan dezè a ak lotèl ofrann brile a te nan wo plas Gabaon an nan lè sa a.


Fis a Kirjath-Arim yo, Kephira, avèk Beéroth yo; sèt-san-karann-twa.


Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa.


Anverite, te gen yon nonm ki te pwofetize nan non SENYÈ a, Urie, fis a Schemaeja a, a Kirjath-Jearim. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a, pawòl parèy a tout sa a Jérémie yo.


ke li te vin pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan.


Kirjath-Baal, ki se Kirjath-Jearim ak Rabba; de vil avèk bouk pa yo.


Soti nan tèt mòn nan, lizyè a te koube pou rive nan sous ki rele dlo Nephtoach e te rive devan nan vil a Mòn Éphron an, epi lizyè a te vin koube pou rive nan Baala, (sa vle di, Kirjath-Jearim).


Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la.


Epi kote sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo.


Li te vin rive nan fen twa jou yo, lè yo te fin fè akò avèk yo, ke yo te tande ke yo te vwazen ki te rete nan peyi yo.


Fis Israël yo pa t frape yo akoz dirijan kongregasyon an te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye a tout Israël la. Epi tout kongregasyon an te plenyen kont dirijan yo.


Lè pèp la nan Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï,


Yo te di li: “Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo,


Yo te monte pou te fè kan nan Kirjath-Jearim nan Juda. Pou sa, yo te rele plas sa a Machané-Dan jis rive jodi a. Tande byen, li vè lwès a Kirjath-Jearim.


Konsa, yo te voye mesaje yo vè moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”


Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告