Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”
Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?” SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo.
Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a.
Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”
Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”
Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”
epi Phinées, fis a Éléazar a, fis Aaron an, te kanpe devan li pou fè sèvis nan jou sila yo, epi yo te di: “Èske mwen dwe sòti menm yon lòt fwa nan batay kont fis a frè m yo, Benjamin, oswa èske m dwe sispann?” Epi SENYÈ a te di: “Monte, paske demen Mwen va livre yo nan men nou.”