Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade kounyeya jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil.

参见章节 复制




Jozye 9:13
8 交叉引用  

Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”


E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”


Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate.


Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou.


Sa se pen nou e li te cho lè nou te pran li pou pwovizyon nou e sòti lakay nou nan jou ke nou te pati pou vin kote ou a, men koulye a, gade, li rasi.


Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo pa t mande SENYÈ a konsèy.


yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud,


avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni.


跟着我们:

广告


广告