Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te sòti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pat koute Senyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.

参见章节 复制




Jozye 5:6
20 交叉引用  

Yo te mache egare nan dezè yo. Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.


“‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”


Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.


“Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn; lanmou ou lè ou te fiyanse avè M, jan ou te swiv Mwen nan dezè a, nan yon peyi ki pa t konn simen.


Anplis, Mwen te sèmante a yo nan dezè a pou Mwen pa ta mennen yo antre nan peyi ke M te bay a, yo menm nan, peyi ki t ap koule ak siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo,


nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo.


Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. Nan kolin yo, se lèt ki va koule; tout ravin nan Juda va gen dlo, epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a pou awoze vale a Sittim nan.


Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l.


Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho.


Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo,


“Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan.


“Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”


Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo.


Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, ‘Yo p ap antre nan repo Mwen’.


Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.


Men lè yo te kriye vè SENYÈ a, Li te mete tenèb antre nou menm avèk Ejipsyen yo. Mwen te mennen lanmè a sou yo pou te kouvri yo, epi pwòp zye pa nou te wè sa Mwen te fè an Égypte. Konsa, nou te viv nan dezè a pandan anpil tan.


Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.


Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la.


跟着我们:

广告


广告