Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 24:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Si nou lage Senyè a, si n'al sèvi lòt bondye, Senyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, la pini nou, la fini nèt ak nou.

参见章节 复制




Jozye 24:20
19 交叉引用  

“Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.”


si yo vyole règleman Mwen yo, e pa kenbe kòmandman Mwen yo,


Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm, e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.


Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.


O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.


“Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.


“Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri ofrann ak sakrifis karant ane nan dezè a, O lakay Israël.


“Lè nou devni papa a pitit, pitit a pitit, gen tan rete lontan nan peyi a, aji yon jan konwonpi, fè yon zidòl nan fòm a nenpòt bagay, e fè sa ki mal nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwovoke Li a lakòlè,


Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.


Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”


Pèp la te di a Josué: “Non, men nou va sèvi SENYÈ a.”


Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò men a SENYÈ a va kont nou, jan li te ye kont zansèt nou yo.


Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”


跟着我们:

广告


广告