Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 22:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Lwen de nou ke nou ta fè rebèl kont SENYÈ a pou vin detounen pa swiv SENYÈ a jodi a, pou nou ta bati yon lotèl ofrann brile, oswa ofrann sereyal, oswa sakrifis, ot ke lotèl ki pou SENYÈ a, Bondye nou an, ki devan tabènak pa Li a!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Nou pa janm fè lide leve kont Senyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Senyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l rete a.

参见章节 复制




Jozye 22:29
16 交叉引用  

Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”


Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa.


Men Naboth te di a Achab: “Ke SENYÈ a ta anpeche m ba ou eritaj zansèt mwen yo.”


Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’


Èske menm Ézéchias sa a pa t retire wo plas Li yo avèk lotèl Li yo, e te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan yon sèl lotèl e sou li, nou va brile lansan?’


Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Bondye va jije lemond?


Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?


Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt!


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


Si nou bati pou kont nou yon lotèl pou detounen pa swiv SENYÈ a, oswa si pou nou ofri yon ofrann brile, oswa yon ofrann sereyal sou li, oswa si se pou ofri sakrifis lapè sou li, ke SENYÈ a, li menm, fè demann sa a.


“Pou sa, nou te di: ‘Annou bati yon lotèl, pa pou ofrann brile ni pou sakrifis;


“Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.”’


Lè Phinées, prèt la, avèk chèf asanble yo, menm chèf an tèt a fanmi zansèt Israël ki te avèk li yo, te tande pawòl ke fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo te pale, sa te fè kè yo kontan.


Pèp la te reponn e te di: “Se lwen de nou pou nou ta abandone SENYÈ a pou sèvi lòt dye yo;


Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.


跟着我们:

广告


广告