Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 22:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 “Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.”’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Senyè a. Se pat pou boule ofrann, ni pou touye okenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sa k te pase!

参见章节 复制




Jozye 22:28
9 交叉引用  

Laban te di: “Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed,


Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie, e li te wè lotèl ki te Damas la. Konsa, Wa Achaz te voye bay Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li.


“Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”


Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a.


ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”


men sa va pou yon temwen antre nou avèk ou menm ak antre jenerasyon ki swiv nou yo, ke nou kapab fè sèvis SENYÈ a devan Li avèk ofrann brile nou, avèk sakrifis nou yo e avèk ofrann lapè nou yo;’ pou fis pa w yo pa vin di a fis pa nou yo nan tan ki pou vini an: ‘Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.’


Lwen de nou ke nou ta fè rebèl kont SENYÈ a pou vin detounen pa swiv SENYÈ a jodi a, pou nou ta bati yon lotèl ofrann brile, oswa ofrann sereyal, oswa sakrifis, ot ke lotèl ki pou SENYÈ a, Bondye nou an, ki devan tabènak pa Li a!”


Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.”


跟着我们:

广告


广告