Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 22:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 men sa va pou yon temwen antre nou avèk ou menm ak antre jenerasyon ki swiv nou yo, ke nou kapab fè sèvis SENYÈ a devan Li avèk ofrann brile nou, avèk sakrifis nou yo e avèk ofrann lapè nou yo;’ pou fis pa w yo pa vin di a fis pa nou yo nan tan ki pou vini an: ‘Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la kounyeya ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Senyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Senyè a.

参见章节 复制




Jozye 22:27
14 交叉引用  

Laban te di: “Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed,


Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal.


SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.


Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a.


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


Lè yo te vini nan rejyon Jourdain an, ki nan peyi Canaan an, fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te bati yon lotèl la akote Jourdain an, yon lotèl ki parèt byen gran.


“Pou sa, nou te di: ‘Annou bati yon lotèl, pa pou ofrann brile ni pou sakrifis;


“Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.”’


Fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te rele lotèl la “Temwen lan Antre Nou, ke SENYÈ a Se Bondye.”


Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.”


Alò, Samuel te pran yon gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.”


跟着我们:

广告


广告