Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 22:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 ke nou bezwen vire kite Jodi a chemen SENYÈ a? Si nou fè rebèl kont SENYÈ a Jodi a, Li va fache avèk tout asanble Israël la demen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Men jòdi a, n'ap vire do bay Senyè a ankò. Si nou leve kont Senyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.

参见章节 复制




Jozye 22:18
20 交叉引用  

Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: “Ale konte moun Israël avèk Juda yo.”


Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,


Lè Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche.


Alò, Satan te kanpe kont Israël e te bourade David pou kontwole moun Israël yo.


Konsa, SENYÈ a te voye epidemi sou Israël. Swasann-di-mil nan mesye Israël yo te tonbe.


Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la.


Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.


Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen a.


Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”


Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.”


Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit.


Yo te vin kote fis Ruben yo, kote fis Gad yo ak kote mwatye tribi Manassé a, nan peyi Galaad la. Yo te pale avèk yo e te di:


“Konsa pale tout kongregasyon a SENYÈ a: ‘Ki zak movèz fwa sa ye ke nou te komèt kont Bondye Israël la? Poukisa nou vire kite chemen SENYÈ a jodi a pou bati yon lotèl pou fè rebèl kont SENYÈ a jodi a?


Èske Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’”


Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo.


Israël te peche. Yo te anplis, fè transgresyon akò ke Mwen te kòmande yo a. Wi, yo te menm pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Yo te vòlè ak twonpe. Anplis, yo te mete yo pami pwòp afè pa yo.


Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”


Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an.


Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou.


跟着我们:

广告


广告