Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 20:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Lòt bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Riben yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo.

参见章节 复制




Jozye 20:8
12 交叉引用  

Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”


Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram.


epi lòtbò Jourdain an nan Jéricho, nan kote lès Jourdain an, te bay a yo menm soti nan tribi Ruben an: Betser nan dezè a avèk patiraj pa li yo ak Jahtsa avèk patiraj pa li,


epi soti nan tribi a Gad la; te bay Ramoth nan Galaad avèk patiraj pa li, Mahanaïm avèk patiraj pa li,


Nou te pran tout vil nan platon yo, tout Galaad ak tout Basan jis rive nan Salca ak Édréï, vil a wayòm Og yo, nan Basan.


Betser, nan dezè sou platon an pou Ribenit yo, Ramoth nan Galaad pou Gadit yo ak Golan nan Basan pou Manasit yo.


Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.


Sila yo se te vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a.


A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li ak Beeschthra avèk teren patiraj pa li; de vil.


Soti nan tribi Ruben an, Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li,


Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk teren patiraj pa li,


跟着我们:

广告


广告