Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 20:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat-Aba ki rele kounyeya Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.

参见章节 复制




Jozye 20:7
22 交叉引用  

Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.


Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a.


epi soti nan tribi Nephthali, Kédesch nan Galilée avèk patiraj pa li, Hammon avèk patiraj pa li e Kir-jathaïm avèk patiraj pa li.


Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa.


Vil ke nou va bay a Levit yo va sis vil azil kote moun ki touye moun kapab sove ale. Anplis de sa yo, nou va bay karann-de vil.


Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda.


epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm.


Epi Moïse te mete apa twa vil lòtbò Jourdain an vè lès,


wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn;


Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo. Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.


Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te kon rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis kon rele, Hébron).


Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth,


Adama, Rama, Hatsor,


avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor,


Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a.


Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk teren patiraj ki te antoure li yo.


Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak Libna avèk teren patiraj pa li,


Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk teren patiraj pa li,


Soti nan tribi Nephtali, Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil.


Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye.


Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di:


跟着我们:

广告


广告