Epi li te di mesye yo: “Mwen konnen ke SENYÈ a te bannou peyi a, e ke gwo laperèz nou gen tan tonbe sou nou. Tout kouraj abitan peyi a vin fonn e disparèt devan nou.
Alò, kay la te ranpli avèk gason ni fanm e tout prens a Filisten yo te la. Epi anviwon twa-mil gason avèk fanm te anba twati a e yo t ap gade Samson pandan li t ap amize yo.