Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 2:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, mesye yo te di l: “Vi pa nou pou vi pa w si ou pa pale zafè nou; epi li va rive ke lè SENYÈ a bannou peyi a, ke nou va aji avèk bon kè, e fidèlman avèk ou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Mesye yo reponn li. — Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n kite yo touye ou. Si ou pa di pèsonn sa nou vin fè isit la, lè Senyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.

参见章节 复制




Jozye 2:14
18 交叉引用  

Alò, koulye a, si w ap aji avèk dousè e verite avèk mèt mwen an, fè m konnen. Men si se pa sa, kite m konnen, pou m kapab vire swa adwat, swa agoch.”


Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte,


David te voye mesaje yo bò kote mesye Jabés Galaad yo. Li te di yo: “Ke nou beni pa SENYÈ a akoz nou te montre bonte nou anvè Saül, mèt nou an, e nou te antere li.


Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a.


Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?”


Pandan wa a t ap pase, li te kriye a wa a e te di: “Sèvitè ou a te antre nan mitan batay la; epi tande byen, yon nonm te vire akote pou te mennen yon mesye kote mwen e li te di: ‘Veye nonm sa a; si pou nenpòt rezon li vin disparèt, alò lavi ou va peye pou lavi pa li, oswa ou va peye yon talan ajan.’


Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.


Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.


Beni se sila yo ki bay mizerikòd; yo va resevwa mizerikòd.


Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.”


pou konsève lavi papa m avèk manman m, frè m avèk sè m yo avèk tout moun ki pou yo, e livre lavi nou sòti nan lanmò.”


Konsa, li te fè yo desann nan fenèt la pa yon kòd; paske lakay li a se te sou miray lavil la, kòmsi li t ap viv sou miray la.


“Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.


Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: “Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.”


Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.


Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”


跟着我们:

广告


广告