Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès alanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.
Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. Mwen va tounen men mwen kont Ékron, epi retay a Filisten yo va peri,” di Senyè BONDYE a.
Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron. Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.”