Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo.
“Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.
Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.”