Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, Guéba nan Benjamin ak Mitspa.
Epi li te mennen tout prèt yo soti nan tout vil Juda yo, e li te souye wo plas kote prèt yo te konn brile lansan yo, soti Guéba jis rive Beer-Schéba. Li te kraze wo plas pòtay ki te nan antre pòtay Josué a, majistra vil la, ki te bò kote goch pòtay lavil la.
Jonathan te frape post militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.”