Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 18:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.

参见章节 复制




Jozye 18:1
26 交叉引用  

Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon tant, menm yon tabènak.


Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la.


Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li.


Konsa, Salomon te revoke Abiathar kòm prèt SENYÈ a, pou akonpli pawòl SENYÈ a te pale konsènan lakay Éli nan Silo.


Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito.


Jiskaske Li te abandone abitasyon Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,


Li te pouse advèsè Li yo fè bak. Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.


konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”


Poukisa ou te pwofetize nan non SENYÈ a e te di: ‘Kay sa a va tankou Silo e vil sa a va vin dezète, san moun?’” Konsa, tout pèp la te rasanble antoure Jérémie lakay SENYÈ a.


ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.


epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.


“Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la.


Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo.


Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan teren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.”


Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.


Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: “SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.”


Lè fis Israël yo te vin tande sa a, tout asanble a fis Israël yo te rasanble yo nan Silo pou monte kont yo nan lagè.


Si, malgre sa, peyi posesyon nou an pa pwòp, alò, travèse antre nan peyi posesyon SENYÈ a, kote tabènak SENYÈ a kanpe a pou vin pran posesyon pami nou. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a, ni fè rebèl kont nou avèk lotèl ke nou bati pou kont nou an, anplis ke lotèl SENYÈ a, Bondye nou an.


Fis a Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te retounen kite fis Israël yo nan Silo, ki te nan peyi Canaan an, pou ale nan peyi Galaad, nan peyi ke yo te posede a, selon kòmand a SENYÈ a ki te soti nan Moïse la.


Alò, konsa, yo te monte pou kont yo imaj taye ki te pou Mica a, ke li menm te fè, pandan tout tan ke kay Bondye a te nan Silo a.


Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo.


Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.”


Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti.


Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a.


跟着我们:

广告


广告