Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 17:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo.

参见章节 复制




Jozye 17:6
7 交叉引用  

Akote lizyè Nephthali a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Manassé, yon pòsyon.


Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo.


Teritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou.


Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.


Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an,


Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo.


Alò, a mwatye tribi sila ki te pou Manassé a, Moïse te ba yo yon posesyon nan Basan; men a lòt la, Josué te ba yo yon posesyon pami frè yo nan lwès lòtbò Jourdain an. Konsa, lè Josué te voye yo ale nan tant yo, li te beni yo,


跟着我们:

广告


广告