Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 17:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nan Issacar ak nan Aser, Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.

参见章节 复制




Jozye 17:11
22 交叉引用  

alò, David te ale pran zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a.


Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer.


Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.


epi depi nan mwatye tribi Manassé a, Aner ak tè patiraj pa li a, e Bileam ak tè patiraj pa li a, pou rès fanmi a fis Kehath yo.


epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv fis a Joseph yo, fis a Israël a.


Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a.


Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.


Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè kont Rabbath, fis a Ammon yo; epi li va devni pil dezole, e vil li yo va limen ak dife. Konsa, Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,” pale SENYÈ a.


Nan jou sa a, va gen gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an.


ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès,


wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn;


wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;


avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo.


Kote sid la se te pou Éphraïm e kote nò a se te pou Manassé, lanmè a te lòt lizyè a. Yo te rive vè Aser nan nò e vè Issacar nan lès.


Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”


Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a.


“Wa yo te parèt. Yo te goumen; wa Kananeyen yo te goumen kote Thaanac, toupre dlo a Méguiddo yo. Yo pa t pran piyaj an ajan.


Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.” Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”


Yo te mete zam li yo nan tanp Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan nan.


tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la.


跟着我们:

广告


广告