Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 15:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.

参见章节 复制




Jozye 15:8
17 交叉引用  

Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan vale Rephaïm nan.


Alò, Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan.


Anplis, li te souye Topheth, ki nan vale fis Hinnom an, pou pèsòn pa t kab fè fis li oswa fi li pase nan dife Moloc la.


Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la.


Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.


a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an.


Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo.


Konsa, Jérémie te sòti Topheth, kote SENYÈ a te voye l pwofetize a. Li te kanpe nan lakou lakay SENYÈ a e te di a tout pèp la:


Konsa, ale deyò nan vale Ben-Hinnom nan, ki akote antre pòtay kanari kraze a, e la pwoklame pawòl ke M pale ou yo.


Akoz tout sa a, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “pou plas sa a pa rele ‘Topheth’ ankò, oswa ‘Vale Ben-Hinnom’ nan; men pito, ‘Vale a Gwo Masak’ la.


Alò, pou Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a.


Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel.


Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.


Men fis a Benjamin yo pa t chase mete Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.


Alò, fis Juda yo te goumen kont Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la.


Men nonm nan pa t dakò pase nwit lan. Konsa, li te leve sòti pou te rive nan lye anfas Jebus (sa vle di, Jérusalem). Li te gen avè l de bourik sele; mennaj li a te avè l tou.


跟着我们:

广告


广告