Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 14:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Moun ki te moute avè m yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Senyè a, Bondye mwen an, te vle m fè.

参见章节 复制




Jozye 14:8
8 交叉引用  

Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”


Epi tout kongregasyon an te leve vwa yo pou te rele, e pèp la te kriye nan nwit lan.


Men sèvitè Mwen an, Caleb, akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li.


sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’


Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”


Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’


Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen nan, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt.


Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.


跟着我们:

广告


广告