Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 14:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: — Ou konnen sa Senyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea.

参见章节 复制




Jozye 14:6
30 交叉引用  

Alò, vwala, te vini yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an.


Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?” Li te reponn: “Se mwen”.


Epi li te di: “Nan sezon sila nan ane k ap vini an, ou va anbrase yon fis.” Epi li te reponn: “Non, mèt mwen, O nonm Bondye a, pa bay manti a sèvant ou.”


Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”


Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan.


Li te gade l byen fiks, jiskaske li te wont. Epi nonm Bondye a te kriye.


Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: “Nonm Bondye a gen tan rive isit la.”


Men Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a.


Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.


epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la.


Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a.


Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”


pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a;


Men sèvitè Mwen an, Caleb, akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li.


vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan.


Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.


Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.


sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’


Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li.


Depi nan tan sa a, okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke SENYÈ a te konnen fasafas,


Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a.


Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.


Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.


Epi Josué ak tout Israël avèk li te retounen nan kan Guilgal la.


Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen nan, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt.


Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm.


Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho.


跟着我们:

广告


广告