Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 14:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 selon tiraj osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Jan Senye a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Senyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki ta pral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a.

参见章节 复制




Jozye 14:2
14 交叉引用  

Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.


Tiraj osò fè konfli sispann; lap pran desizyon antre moun pwisan yo.


“‘“Anplis, lè ou divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.


Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo.


“Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan.


“Epi Wa la va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.


Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.


Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”


Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.


Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an.


跟着我们:

广告


广告