Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean.
Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
“Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.
Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.
Te gen yon mesye nan Maon ki te fè komès li nan Carmel. Mesye a te byen rich e li te gen twa-mil mouton avèk twa-mil kabrit. Li t ap taye lenn mouton li nan Carmel.