Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 11:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Jozye te pran tout peyi a, jan Senyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l pa l. Li separe l, li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pat gen goumen ankò.

参见章节 复制




Jozye 11:23
20 交叉引用  

Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito.


Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè. Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout. Li brile cha yo avèk dife.


“Fè sèten ke ou obsève sa ke Mwen kòmande ou nan jou sa a. Gade byen, Mwen va chase devan ou Amoreyen yo, Kananeyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evetyen yo, ak Jebisyen yo.


Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”


Josué, fis a Nun nan, ki kanpe la devan nou an, li va antre la. Ankouraje li, paske li va fè Israël jwenn eritaj li a.


“Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.


Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo.


Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo,


Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.


Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an.


Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj,


跟着我们:

广告


广告