Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 10:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèb, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt, tankou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a.

参见章节 复制




Jozye 10:40
26 交叉引用  

Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la.


Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito.


Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.


Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.


Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.


Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan teren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Lefrat la.


Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan.


Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt.


Yo te kaptire li nan jou sila a e te frape li avèk lam nepe. Nan jou sa a, li te konplètman detwi tout moun ki te ladann, jis jan li te fè a Lakis la.


Yo te kaptire li, frape li ak wa li a avèk tout vil li yo ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan, jis jan li te fè Eglon an. Li te konplètman detwi li avèk tout moun ki te ladann.


Li te kaptire li avèk wa li a, ak tout vil li yo. Yo te frape yo avèk lam nepe e te detwi yo nèt tout moun ladann. Li pa t kite moun vivan. Jis jan ke li te fè Hébron an, konsa li te fè Debir avèk wa li a e li te osi fè nan Libna avèk wa li a.


Konsa, Josué te pran tout teritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen nan, ba plèn nan, Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li,


nan peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an:


Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits,


“Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.


Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Selman, ou va pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”


Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.


Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a.


跟着我们:

广告


广告