Alò, Josué te kaptire Makkéda nan jou sa a. Li te frape l, ansanm ak wa li a avèk lam nepe. Li te konplètman detwi li ak tout moun ki te ladann. Li pa t kite pèsòn vivan. Konsa li te fè a wa Makkéda a, jis jan ke li te fè a wa Jéricho a.
SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a.
Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Selman, ou va pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.