Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann.
Yo va niche pousyè tankou sèpan. Tankou bagay k ap ranpe sou latè, yo va sòti tou ap tranble nan sitadèl souteren yo. Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak gwo lakrent; konsa, yo va pè devan Ou.
Konsa, senk wa Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li.
Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo.
Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la.
Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.