Anplis, li te mennen moun ki te ladann l deyò. Li te fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.
Mesye Gabaon yo te voye kote Josué kote kan Guilgal la, e te di: “Pa abandone sèvitè ou yo; vin monte kote nou pou ede nou; paske tout wa Amoreyen ki rete nan peyi kolin yo te vin rasanble kont nou.”