Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 10:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Solèy la rete kote l te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l'al kouche.

参见章节 复制




Jozye 10:13
29 交叉引用  

Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan liv a Jaschar a.


Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”


Yon kopi a dekrè a te gen pou pibliye kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo, pou Jwif yo ta parèt nan jou sila pou fè revandikasyon yo sou lènmi yo.


Li kòmande solèy la pou l pa klere e ki mete yon so sou zetwal yo.


Louwe Li, solèy ak lalin nan. Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!


Sepandan, eko yo retanti sou tout latè, ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a. Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,


Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.


Gade byen, Mwen va fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.


Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.


Solèy la va vin tou nwa, e lalin nan tankou san devan gwo jou tèrib SENYÈ a.


Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, e zetwal yo va pèdi briyans yo.


Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.


Konsa, sa di nan Liv Lagè SENYÈ a: “Vaheb nan Supha, avèk ravin sèch nan Arnon an,


Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?


Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san, avan gran jou mèvèy Senyè a vini.


Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.


Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël.


Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.


Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”


Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.


Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.


Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.”


“Akoz chèf yo te dirije Israël, akoz pèp la te pran desizyon, beni SENYÈ a!


跟着我们:

广告


广告