Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jozye 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Jou Senyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Senyè a devan tout pèp la, li di: — Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!

参见章节 复制




Jozye 10:12
29 交叉引用  

Alò, Abner, fis a Ner a te sòti Mahanaïm kote Gabaon avèk sèvitè a Isch-Boscheth yo, fis a Saül la.


Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”


Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.


Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”


epi Beria avèk Schéma, ki te chèf lakay fanmi zansèt pa yo pami moun Ajalon yo, ki te fè moun Gath yo sove ale,


Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin.


Li kòmande solèy la pou l pa klere e ki mete yon so sou zetwal yo.


Louwe Li, solèy ak lalin nan. Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!


Sepandan, eko yo retanti sou tout latè, ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a. Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,


Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou. Ou te prepare limyè a avèk solèy la.


Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.


Gade byen, Mwen va fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.


Solèy ou p ap bese ankò, ni lalin nan p ap febli; paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.


Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di:


Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.


Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.


Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”


Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.


Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”


epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande,


Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.


Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè.


avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla,


Ajalon avèk teren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; kat vil.


Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon.


Zetwal yo te goumen soti nan syèl la, soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.


Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.


Yo te frape pami Filisten yo nan jou sa a soti Micmasch pou jis rive Ajalon. Epi pèp la te vin byen bouke.


跟着我们:

广告


广告