Jozye 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aïavèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo, 参见章节1998 Haïtienne1 Adonisedèk, wa Jerizalèm te vin konnen Jozye te pran vil Ayi, li te detwi li nèt tankou Senyè a te di li a, li te touye wa a menm jan li te fè Jeriko ansanm ak wa li a. Adonisedèk te vin pran nouvèl tou moun Gabawon yo t'al rann tèt yo bay moun Izrayèl yo, epi yo t'ap viv nan mitan yo. 参见章节 |