Jonas 4:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Epi Jonas te sòti nan vil la e te chita sou kote lès la. La, li te fè yon tonèl pou li menm, e li te chita anba l nan lonbraj jis pou l ta wè sa ki ta rive nan vil la. 参见章节1998 Haïtienne5 Jonas kite lavil la, l'ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonnèl, li chita nan lonbray anba tonnèl la, l'ap tann pou l wè sa ki pral rive nan lavil la. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil5 Jonas kite vil la epi l ale nan yon zòn ki nan pati lès Niniv. Pandan li la, li fè yon joupa pou l rete. Li chita anba l, nan lonbray la, epi l rete ap tann pou l wè sa k t apral rive vil Niniv. 参见章节 |