9 Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an, avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
9 Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousinyè ak zetwal Sid yo.
Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo.
Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a.
Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo. Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.
Li konte fòs kantite zetwal yo. Li bay non a yo tout.
Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.
Soti la, nou te pran vwal pou antoure rive nan Reggio. Yon jou pita, yon van sid te parèt, e nan dezyèm jou a nou te rive Pouzzles.