Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 9:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 “Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m kè kontan.

参见章节 复制




Jòb 9:25
10 交叉引用  

Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo.


Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la.


Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.


Avèk repwòch, Ou fè chatiman a yon nonm pou inikite li. Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere pi chè pou li menm nan. Anverite, tout moun se sèlman yon souf.


Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole tankou lajè a men m ki louvri. Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.


Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!


Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!


Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.


跟着我们:

广告


广告