21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm; mwen rayi lavi m.
21 Eske m inonsan? M pa menm ka di sa. Lavi pa di m anyen ankò!
Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.
Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.
Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye.
Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.
Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”
Paske malgre mwen te gen rezon, mwen pa t kab reponn. Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.
Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.
Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a.
si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.