10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo, avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.
Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a. L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.
Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan; mèvèy ki pa kab menm konte yo.
A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.
Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.
Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!
Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,