Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo, e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.

参见章节 复制




Jòb 8:8
15 交叉引用  

Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”


Sajès rete ak granmoun; yon lavi ki long gen bon konprann.


“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa. Zòrèy mwen tande e konprann li.


Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou, ki pi gran pase papa ou.


sa ke moun saj konn pale e ki pa t kache sòti de papa pa yo,


Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an, depi lòm te mete sou latè,


O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.


Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman, tankou mwen menm, mwen fè jodi a. Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.


Koute sa ansyen nou yo, koute sa, tout abitan peyi a! Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo, oswa nan jou a papa zansèt nou yo?


Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.


Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt.


Sonje jou tan pase yo, konsidere lane a tout jenerasyon yo. Mande papa nou e li va fè nou konnen, ansyen nou yo e yo va di nou.


Anverite, mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa?


跟着我们:

广告


广告