4 Si fis ou yo te peche kont Li, alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
4 Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.
Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.
Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; menm nan pòtay la, yo oprime, ni pa gen moun pou delivre yo.
Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.
Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.