21 Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
21 La fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.
Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.”
Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.
Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an, ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
Ou va ri devan vyolans ak grangou, e ou p ap pè bèt sovaj yo.
Rele fò a SENYÈ tout latè a!
Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo.
Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.
Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.
Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè! Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!
“Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.