Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jòb 8:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo pou pawòl a bouch ou fè gwo van?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!

参见章节 复制




Jòb 8:2
14 交叉引用  

Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.


Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?


Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van a? Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?


“Pou jiskilè ou va chase pawòl? Montre bon sans ou pou nou kab pale.


Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo, lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?


Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!


“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.


Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!”


跟着我们:

广告


广告