15 Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
15 Si yo panche sou li, l ale. Si yo kenbe l fò, y'ap blayi atè ansanm avè l.
Li fin chire soti nan sekirite tant li an e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
Li te bati kay li tankou papiyon, oswa tankou kay poto gadyen te fè.
Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”
Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.
Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan, epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo. Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.
Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri.
Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”