9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.
9 Tankou yon nyaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.
Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men li p ap retounen kote mwen.”
Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”
avan ke m ale—pou mwen pa tounen nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè? Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale nan chemen ki pap retounen an.
Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen, si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
Èske espwa m va desann avèk mwen nan Sejou Lanmò yo? Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?”
Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
Gwo perèz yo vin vire kont mwen. Yo tanmen gate respè m tankou van. Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou; Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò, avan ke m mouri pou m pa la ankò.”
Sila ki mouri yo p ap viv. Lespri ki pati yo p ap leve ankò. Konsa, Ou te pini yo, detwi yo e Ou te efase tout memwa a yo menm.
Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a; SENYÈ nan peyi vivan yo. Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.